|
Oh Oh
Gad on majistra mesye
Gad eta misye man
Gade dyòl soulye misye tankou bagay k ap fimen sigarèt
Gad on tenten mesye, e misye k te majistra nou an?
Nèg la sal man, tankou e ranyon k sou li wi
Mèwi, Mewi, e nou menm sa wi
Nou vle yo gen lajan epi nou pa vle yo vòle
Ayiti pap chanje (8x)
Bon m di w – Ayiti pap chanje
Pap chanje – Ayiti pap chanje
Bon nou toujou g on foli polemik ak Sen Domeng
Poutan sèl sa l genyen ki pwòch nou se fwontyè a
Li pi fasil pou achte pou 5 goud nan 1000 goud pou jwenn monnen olye Ayiti chanje
Nou ka chanje dan chanje chemiz chanje mayo pantalon chanje slip ak kalson
Men ayiti pap chanje, li pap fout chanje (pa vin di sa)
Nou ka fè yon vakabon vin yon depite
Yon malandren yon senate
Yon prezidan yon grenn sal
Yon nèg nwè ka tounen on bon grimo
Men Ayiti pap chanje
[]
Blan priye pou y al nan syèl
nou priye pou n al Miami
Y ap manje diri chela
nou menm n ap manje diri Miami
Manman m te di m lè m fin lekòl m ap yon gwo bagay
Jiskaprezan m pa fout anyen, e m prèske mouri
Ayiti pap chanje (8x)
Bon m di w – Ayiti pap chanje
Pap chanje – Ayiti pap chanje
Eskize m son excellence
an Ayiti nou tout vòlè pa ekselans
Selon echèl Matyas la
Blan detwi pwodiksyon nasyonal la – En
Grannèg la al achte konntenè diri a – De
Revandè a vòlè de twa mamit nan sak la – Twa
Ti machann nan monte bouda mamit la – Kat
Machann manje a retire nan kiyè diri a – Senk
Yon tikal diri l ban mwen
Kounye a se tou pa lekòl yo
Gen pwofesè k pa t ap pase si l te nan plas elèv la
N ap di mèsi ak gouvènman an ki retire Rhéto
Sa fè pifò elèv rive nan Philo
Non non non, se pa Don Dodo
Depi n piti, tout liv nou yo se an fransè
Men kou pwofesè a bezwen n fè silans,
Li di exprimez-vous epi tout klas la bèbè
Hahahaha, Tout klas la bèbè
[]
Ayiti pap chanje (8x)
Bon m di w – Ayiti pap chanje
Pap chanje – Ayiti pap chanje
Ban m yon dictionnaire
les choses sont vers çi, vers ça
On tijan on tijan konsa konsa
Un juge, c’est un libérateur
– yeah
Un avocat, bon ami de voleur
– yeah
Un notaire, c’est un vol-terre
– yeah
Un policier, un mal-toucheur
– yeah
Yo Matyas
Yakou
M renmen mizik sa wi man, men w pale peyi a mal twòp man. Menm yon manti w ta bay sou Ayiti man
Matyas: Kijan pou m bay manti pou Ayiti a, sa m di k mal la a?
O bon m te wè w te kandida Matyas
MATYAS: M te kandida – ou te wè m al fè kanpay
Wi m te wè w al fè kanpay
MATYAS: Non m te à la campagne, à la campagne. E pwoblèm fransè w genyen, debouche zòrèy ou – à la campagne
E si w wè sa Matyas, Ayiti ap chanje wi
MATYAS: Ayiti ap chanje?
Wi Ayiti ap chanje, paske Ayiti ka an reta devan lòt peyi yo, men Ayiti ap chanje
MATYAS: Ayiti an reta? Ayiti pa vini. Ayiti ap chanje. Antouka depi w wè Ayiti chanje konnen n pap jwenn monnen. Nou depanse l, nou gentan depanse tout Ayiti – n achte kredi twòp