Nan lanwit 15 pou rive 16 Me a, plizye bandi ki abiye an vert doliv tankou ansyen milite demobilize yo atake komisarya polis Okay la. Anpil kout zam te komanse tire ant polisye yo avek bandi yo selon deklarasyon pot pawol pnh la nan zone sid peyi a. Afrontman sa lakoz yon ajan UDMO pedi lavi li ak 2 lot polisye ki blese. Nan kan bandi yo tou genyen plizye viktim apre zak bandi yo fin komet sou komisarya a yo tap prese chape poul yo se konsa machin yo te ladanl lan fe yon gro aksidan nan zone Jeremi ki lakoz anpil nan yo blese. Jounalis te jwenn yo pou poze yo kesyon, gade koman sa te pase.
Gen imaj nou pa poste paske yo tro grafik.