BIC kanaval 2019 Pawol / Lyrics
5 Ti pen, 2 Ti pwason, 21 Pinèz
(Mirak k ap fèt)
Ki nasyon sou latè ki pi renmen Jezi ?
– Ayisyen pi renmen Jezi
A wi se pa manti, nou bay Gòd la respè
Ki nasyon nan mond sa a ki pi sèvi Jezi ?
– Ayisyen pi sèvi Jezi
Men nan koze fè mirak ayisyen depase Jezi
Sèvitè 2 men anlè
Hey ! 5 ti pen 2 ti pwason, 21 grenn pinèz, ane
sa a Tizon dife a kanpe an bon lame selès
Nan kanaval la mirak k ap fèt
E di m vin di w Mirak k ap fèt
Jezi te fè 40 jou 40 nuit san manje
Gen Ayisyen jouk yo mouri yo pa janm manje
Jezi te fè yon moun ki avèg wè
Gen politisyen ki fè prèske tout ayisyen avèg
Gade ! Jezi fè dlo tounen diven yon sèl fwa
Ayisyen nou fè tout vi n n ap fè dlo tounen bè
– G on w mirak k ap opere g on w mirak k ap opere E di m vi n di w ! Jezi
kraze on ti mache noumenm nou kraze tout on peyi. Sa n wè nan sa?
– G on w mirak k ap opere g on w mirak k ap opere – Mirak O opere ooo
!
– Mirak O opere oooo!
– Opere mirak, mirak opere ooo! (2 fwa)
Nan ti moso konsèy SPEC pote pou nou
Tout moun nan asanble a dwe fè tès VIH alo !
Pou jan dola a ap toufounen goud la ayayay !
Pou jan goud la ap rakle la a
Goud la bezwen on mirak spesyal
– Fè yon mirak nan lavi mwen
– Fè yon mirak pou peyi mwen
– Fè yon mirak tou nèf pou ayti seyè ! (2 fwa)
Nou pa janm jwenn ti bourik ki te mennen Jezi jerizalèm depi apre fèt ramo a
Men gen yon nonm ki jwenn chwal Desalin nan papa
– Gon w mirak k ap opere, g on w mirak k ap opere Jezi disaparèt on demon k al tonbe sou on kochon
Ayisyen disparèt yon lajan, pèsonn pa konn kote l tonbe
– Gon w mirak ap opere, g on w mirak k ap opere
Gade ! Gade ! Gade ! Kounya a souke pòch ou
Souke bous ou, souke valiz ou, souke kanè bank ou Nou
pral pase fè lakòlèt la , ou pral peye pou yon miraaak !
Kiyès ki di levanjil la te gratis evreeee !!
mirak O ! opere ooo!
Opere mirak, mirak opere ooo!
Opere mirak, mirak opere ooo!
Opere mirak, mirak opere ooo!
Opere mirak, mirak opere ooo!
Opere mirak, mirak opere ooo!
Yès ! Sèvitè pa fè erè sa a se pa yon kanaval
Se yon kwazad pou n delivre ayiti anba grif djab yo
Se nan dezè a nou ye, kanaran n ap chache
Se nan dezè a nou ye, kanaran n ap chache
Se nan dezè a nou ye, kanaran n ap chache
Se nan dezè a nou ye, kanaran
N ap tekelawe tekelawe n ap tekelawe tekelawe selès
N ap tekelawe tekelawe n ap tekelawe tekelawe selès
Ay ay… emèn !!! Lod ! Heehehee !! Hmmm ! Pllllll ! Nay nayt nayt ! Nayt!
Bibibibi ! Bibibibi !
Ou malad, priye ! Ou bezwen medikaman, ale nan Stepha Pharma
Lòm nevipa sèlman de pen, men fè w ka pase nan Potiwa pou yon bon pizza san leven
Ladous elans kiekspòta ladous montekòmsa desannkòmsa
Debakmiwagohennchipiz !
Nou pale yo pa tande, nou kriye yo pa tande, nou priye yo pa tande
Kounya a se moman pou n rale zam selès la desann
E zam sa a li pa nan patipri, kote l tonbe l tonbe
Pou palemantè k pa vle tande verite yo lesandejezi biw dejezi biw
Pou polisye yo k pa gen sekirite lesandejezi bi w dejezi biww
Ayisyen k ap pase mizè nan DGI yo lesandejezi biwww dejezi biwww
Pou sèvitè k ap vòlè kòb lakolèt yo lesandejezi biww dejezi biwww
Mèsi a Rev cinema ki bay yon anvlòp espesyal
Mèsi a Le Bistro Midoré ki bay yon pla cho nan chak sèvis
Mèsi a Boutik Tzon dife ki ba nou chak yon chandesperans
Mèsi a OD Peint Group Construction ki pentire legliz la
Legliz la pa gen èd misyon entènasyonal men sèl lèplijis seron sove..