Tiroro:
M te nan pote kòd, fòm chante sou kanaval sa a wi !
Podo podo popop! Podo podo! popop ! Podo podo !!
Èske se mwen k pa tèm, oubyen ge 2 tèm ane sa a dim !!
BIC:
tale Tiroro ! banm fè kèk remèsiman !
Mèsi pou tisourit yo
ki anpeche m dòmi yo
Majistra yo mèsi
Pou timoun ki gen dwa
achte alkòl ak sigarèt yo
Palemantè mèsi
Kenedi bal pèpè k ap touye
koutirye nou yo
Defans nasyonal mèsi
Sòs pye poul, zèl kodenn
sou tèt diri plastik yo
Pwodiksyon nasyonal mèsi !
KÈ:
Nou fatige fè lepandjè
Pou leta ba nou yon pyès idantite
Nou fatige pase mizè
Nan fatra pou nou bay pitit nou manje
Nou fatige fè lepandjè
Pou leta ba nou yon pyès idantite
Nou fatige pase mizè
Nan fatra pou nou bay pitit nou manje
BIC: Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON !
Èske se sa l ta dwe ye?
NON!
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON ! NON ! NON
Banm ti gain again
!NON
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON !
Èske se sa l ta dwe ye?
NON!
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON ! NON ! NON !NON ! NON !
CINTHIA:
Pou tout lekòl peyi a
ki fin tounen bodèl yo
Edikasyon mèsi !
Nayklèb nan peyi a
ki fin tounen makrèl yo
Ayiti cheri mèsi !
Pou chak grenn Ayisyen
k ap ret tann TPS yo
Pèldèzanti mèsi!
Emisyon 80 pou 100 atis etranje yo
CONATEL mèsi !
BIC: Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON !
Èske se sa l ta dwe ye?
NON!
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
Klip Studio Master luck beat la !
KÈ: Yon polisye tonbe
pandan l ap sèvi peyi l
Grapday yo t ap bali a
Fanmi li pa ka jwi l
Pwofesè ki fòme palmantè yo
nan mizè
Majorite atis ayisyen
se BETIZÈ !!!!!!!
Ooooooooo !!!!
BIC: Nou betizè vre ! Nou betizè vre !
Atis Ayisyen nou se betizè vre !
Olye nou egzije leta
pou vote lwa pou nou
M tande n nan ‘Beef’
Ane a m vin fè bwa pou nou
Nou betizè vre ! Nou betizè vre !
Atis Ayisyen nou se betizè vre !
Pou ki nou pa Mennen
on batay nan paleman an
Pou yo rekonèt atis
nòmalman
NO w !!!!!
KÈ : Nou betizè vre ! Nou betizè vre !
Atis Ayisyen nou se betizè vre !
Olye nou egzije leta
pou vote lwa pou nou
M tande n nan ‘Beef’
Ane a m vin fè bwa pou nou
Tiroro: Ok ban m mikwo tou
Tiroro & BIC :
Pouki on chantè prezidan
pat di anyen pou nou tou
Pouki leta toujou danse mizik atis yo
Men li pa janm fè anyen pou atis yo
k a viv de èv yo
Tiroro: oooooo ! m byen pase !!!
This is MC Tiroro
M sou trak la
Aaaaaaaaa !
BIC:
N ap touche an goud
depanse an US
Nou fatige ! nou fatige !
Sentaniz ap bourike
chantoutou ap kale wès
Nou fatige! Nou fatige ! nou fatige!
Sou lisans mwen se foto
depi lè m te timoun
Nou fatige ! nou fatige !
Sa a son w siy ki di Ayiti
p ap janm granmoun
Nou fatige ! nou fatige! Nou fatige !
Banm koral mwen !
KÈ: Nou fatige fè lepandjè
Pou leta ba nou yon pyès idantite
Nou fatige pase mizè
Nan fatra pou nou bay pitit nou manje
Nou fatige fè lepandjè
Pou leta ba nou yon pyès idantite
Nou fatige pase mizè
Nan fatra pou nou bay pitit nou manje
BIC:
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON !
Èske se sa l ta dwe ye?
NON!
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON ! NON ! NON
Banm ti gain again !NON
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON !
Èske se sa l ta dwe ye?
NON!
Èske sa se ayiti jan l dwe ye ?
NON ! NON ! NON !NON ! NON !
BIC : E malgre tout sa w tande a
Mwen anvi ret nan peyi m mwen mwenmenm !
ODEPEINT groupe construction pi rèd
RÈV Cinema !
SECRET DE LA VIE !!
Anverite m anvi ret nan peyi m
Mouche leta kite m nan peyi mwen
Anverite m anvi ret nan peyi m
Pa pouse m pa pouse m pa pouse m!!
Tiroro: se la m vle rete
Se la m atis
Pa manyen m
apa w ap vin pouse m
Atansyon wi mouche leta
BIC: Mèsi mouche leta
Paske ou oblije konprann ke m son w jenn gason
Ki renmen peyi m
Anpitou mouche leta !
Sispann banm doum gaz pouse do m
Pou fòse m kite peyi m
Lè na bay chak Ayisyen dwa pou yo viv
Se lè a na gen on Ayiti jan l dwe ye.