Lendi 02 Desanm 2019. (WWW.ZONE509.COM) – Gonayiv Plis pase 20 manda arestasyon lanse nan vil gonayiv aprè ansyen Depite delma Taba a Arnel Belizaire te pase nan Vil Gonayiv semèn pase a kotel te rankontre ak manb opozisyon yo nan vil lan.Nan yon rankont ak laprès jounen Lendi 02 Novanm 2019 la,komisè gouvènman gonayiv la mèt Serard Gasius fè konnen pakè a lanse yon ventèn manda arestasyon dèyè plizyè manb opozisyon an nan vil gonayiv kite planifye epi akonpanye ak ansyen depite Delmas Tabarre a nan vil lan mesye Arnel Bélizaire jounen jedi kite 28 Novanm 2019 la.
Raphael clavanet Marado se non youn nan manb opozisyon an ki genyen manda kont li daprè Komisè gouvènman an ki fè konnen lapolis genyen lòd pou mete anba kòd mesye sa yo ,daprè li ki genyen gwo zanm fann fwa ilegal nan men yo ki souvan ap twouble katriyèm vil peyi a,pandanl fè konnen, lapolis prè pou akonpanye tout manifestasyon pasifik kap fèt nan vil la men san vyolans .
Komisé gouvènman an Serard Gasius fè konnen lap tann lapolis pote tout moun sa yo ba li pou vinn reponn kesyon lajistis,pandanl fè konnen tout moun ki gen zam ilegal nan men yo pou yo vinn remèt lajistis yo.Pou l fini responsab pakè gonayiv lan fè konnen yo gentan mande bakòp pou lapolis nan lide pou kapab stabilite vil lan e pèmèt popilasyon an reprann avek tout aktivite yo nan yon ti tan ki pa twò lwen nan site endepandans lan.
Rolguy Docteur
- Urgent : L’église Catholique Notre Dame de Lourdes de Belladère est en feu
- Le chef de file du MTV, Reginald Boulos, veut négocier le départ du president
- Le chef de l’Etat annonce que mesures drastiques seront prises pour que le kidnapping et le crime organisé soient combattus dans le pays.
- Tirs nourris à Morne Lazare pour disperser la marche contre la « Dictature »
- Des milliers de manifestants défilent dans les rues de la capitale ce dimanche 28 février contre l’insécurité et pour exiger le départ de Jovenel Moïse.