|
Cherie, cherie pa panike
Fòn reflechi pou n konn sa n pral fè
Sitiyasyon an konplike
An verite anmwe m ta rele
Piga kriye an nou priye
Menm si de pye n pran nan on sèl soulye
Tout sa nou fè bagay la pa vini
Alors pito w ede m kontrole
Premye semèn li pa vini
Dezyèm semèn li pa vini
Twazyèm semèn li pa vini
Kapab se stress yon ti kolè menm emotion
Nap tann toujou
Ebien cheri on a pas le choix non la je vais appeler un ami
Elle va me dire ce que je dois faire
Oh non non non poko ka pale
Pa janm konnen nouvèl ka gaye
Nou poko menm konn si se vre
Doktè a sèl ki ka verifie
Pa fè kole di w pa prale
Wap fè m santi se sa w tap chèche
E pa pale m de responsabilite mwen paske se zak nou tou les de
Na’l pou 4 wi la, li pa vini
Senkyèm semèn li pa vini
Sizyèm semèn li pa vini
Map reflechi mpaka dòmi non
[]
Ou pat pare mwen pat pare
Pa le moman pou pitit tonbe
Men nou te fou n te tro damou
Pou nou te pran ti prekosyon
Ki sa n pral di ki sa n pral fè
Avni nou pa merite sa
Moman foli koute n la vi
Alò ann rekolte sa nou seme
Rekolte sa nou seme
Setyèm semèn li pa vini
Wityèm semèn li pa vini
Nevyèm semèn li pa vivi
Wi foutttttt, fiansaj, Mariyaj, c’est le carnage
Sa Ton Jeff fè
Men moun nan se moun moun nan li ye
Woy
Azitibidip bip bip
Woy woy woy
Kase kase kase
Pow pow pow
Sa ki rive la bip bip
Kè mwen sou bisket bip bip
Resulta mape ret tann bip bip
Positif ou negatif bip bip
Kè mwen bat anba pla pye’m bip bip
Chak fwa telephone sonnen bip bip
Mwen konprann se paran bip bip
Kap mande m ki entansyon m bip bip
Sa ki rive la
Allo
Oui, C’est le docteur Charles Nathan
Il n’y a pas du de s’inquieter
Car le test est negatif