|
Yepa
Pipo tout jan
Klass it is baby
Mizisyen Ayisyen n pa dwe ret bwa kwaze
60 an fè n pase tankou n pat ekziste
Kout chapo pou Nemours ki kreye bèl rit saaaaa
Ki ede nou chak jou bliye, lapen avèk debra
Nou bay tout jenès nou au service du pays
Epi kou laj antre yo bliye nou jouk nou mouri
Gen yon pwovèb ki di lè w wè yon zo atè
Li te gen vyann yon lè
Atis fè je w klè li lè pou nou reyini
Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale kote nou
Valè towo andann on sosyete pou nou pa ka òganize nou
Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou
Si lè gen maladi se nou k remèd peyi n dwe sispann fè n pa regret
C’est la musique ki rive melanje tout klas
Chak ane se nou k fè tout yon pèp konble chanmas
Lè n kanpe kòt a kòt ak atis lòt bò dlo talan n menm jan ak yo
La seule différence est une question de drapeau
Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale kote nou
Valè towo andann on sosyete pou nou pa ka òganize nou
Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou
Si lè gen maladi se nou k remèd peyi n dwe sispann fè n pa regret[]
Ou la la la la la la
ranje chitaw tande
Van tanpèt larivyè desann lanmè
bon mizik klass la ki rive
Se sa, se sa manman se sa
Woy konpa
Ou ka wè l gon lòt gou, haha
Ranje chita w – Djakout #1
Ranje chita w – kisa n ap kisa n ap fè
Ranje chita w – Nu-Look
Ranje chita w – fò n ale
Ranje chita w – Disip, Zenglen
Ranje chita w – pa gen dòmi non
Ranje chita w – Pozo lage konpa konsa
Oh oh oh oh x 8
Tu peux faire ca toi meme
Se pou sa y rayi n nan wi Ti Junior
Klass
Ranje chita w – T-Vice, Carimi
Ranje chita w – Fò nou òganize n
Ranje chita w – Kreyòl La, Harmonik, Gabèl
Ranje chita w – fò n ale
Ranje chita w – Rap kreyòl, Rasin
Ranje chita w – mizisyen toupatou rasanble, Pipo ayaman
Hey, nou bay tout san nou nan yon peyi – hm
Se nou k fè lavi mache – hm hm
Pandan yo pa respekte dwa n – hm
Gouvènman ekspwate n – hm hm
Yo pa rekonèt li kòm metye – hm
Men depi n fè sa n frape – hm hm
DGI la kolekte tax, epi pa menm gen on bon lekòl mizik nan ti peyi n nan[]
Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
Mizik jwe nan maryaj tankou lanmò
Menm fòw panse ak sa ti frè
Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
Konpa gen 60 an lap fè n danse
Si tout mizisyen nan peyi sa – hm
Ta di yo kraze on kite sa – hm hm
Kijan lavi n ta ye – hm
Strès tap fin anvayi n – hm hm
Tout sa pou n ta pwoteje – hm
Yo nou neglije – hm hm
Kòman nou vle pou n avanse, pou pwogrese kwè mwen souple sa pa ka kontinye
Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
Lè kèw kontan w danse lè wap kriye li konsole w manman
Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
Ay pou bagay ke nou fè gouvènman peyi n dwe n respè oh
Oh oh oh oh x8
Gen bon, gen pi bon
Epi gen fè, gen byen fè tande
Ritchie fè l ankò
Ministè la kilti – ranje chita w
Ranje w tande – ranje chita w
Fò k ou pa nan sal de Klass – ranje chita w
Fò l nan konstitisyon an – ranje chita w
twòp eksplwatasyon – ranje chita w
Klass it is baby
Epi voye l ale
Hm hm