Se yon manman ki gen 2 pitit. Yon tifi ki rele Anita, yon ti gason ki rele Jak.
Chak tan Anita al pran dlo nan rivyè a, li toujou pran anpil tan men li toujou pote dlo pwòp. Men lè se Jak ki ale dlo a toujou sal. Moun yo deside konnen ki sekrè Anita genyen ki fèl toujou jwenn dlo pwòp.
Jak pran bokit la nan men Anita, li pral pran dlo….
Jak sou rout pou ale nan rivyè a…..
Jak rive li wè dlo a sal……
Li pran dlo kanmenm malgre li sal. Men nan tout rout li ap fè kòlè.
Tezen kache yon kote ap gade Jak…..
Moun yo di fòk yo konen ki sekrè Anita genyen ki fè li toujou jwenn dlo prop epi Jak toujou jwenn dlo sal….
[]
Yon jou pandan Anita chita ap lave chodyè, Jak bal bokit la pou l ale pran dlo….
Anita pa fè tèt di, li ale san problèm.
Le li preske rive nan dlo a, li pran chante:
Tezen, bonanmi mwen, zen
Tezen, bonanmi mwen, zen
Tezen, nan dlo, bonnami mwen, zen…
Tezen, nan dlo, bonanmi mwen, zen…
Konsa dlo a ouvri iiiiiiiii, Tezen soti nan dlo a li monte vin jwenn Anita
Youn kontan wè lòt……
Mesye dam yo bliye kò yo, yo ap pran plezi…
Yo bliye tout bagay, se bèl love kap tonbe…
[]
Lè yo fini, Anita plen bokit li dlo pwòp, li di Tezen ba bay li ale…
li rive lakay, manman ap mandel koman li fè pran tan konsa….
Nan demen anko. Yo voye Anita pran dlo. Anita rive li pran chante menm jan. Men li pa konen si moun yo te sere nan zone nan ap tandel.
Tezen, bonanmi mwen, zen
Tezen, bonanmi mwen, zen
Tezen, nan dlo, bonnami mwen, zen…
Tezen, nan dlo, bonanmi mwen, zen…
Tezen parèt, li byen tris….
[]
Anita chita bò dlo a yo ap pale.
Tezen di Anita, gen yon malè ki pral rivem. Fanmi ou yo pral vini nan rivyè a yo pral chante menm chante a, e depi yo chantel mwen pa ka pa parèt. Lè sa yo pral tiye mwen. Nenpòt lè ou wè 3 gout san sou tetew ou mèt konen mwen mouri.
Anita di li pa di sa, sa pap rive. Tezen di: machè reziye ou, ou met kwè sa m diw la ok….
Lè yo fini pale, Anita plen bokit li dlo pwòp pou li ale, anpil tristes sou figi li…
Li vire gade Tezen yon dènye fwa, li di ba bay…..
Men nan tout rout la li ap kriye……..
Moun yo rive nan dlo a vre, yo chante, Tezen parèt
Tezen gade li wè yon ban neg ap vini sou li ak manchèt……….
[]
La menm, Tezen transfome, li gonfle ponyèt pou li batay ak neg yo…..
Lè manman Anita wè sa, li soufle yon poud pwa grate nan figi Tezen…..
Lè sa Tezen vin avèg, li pa ka wè anyen. Neg yo fonse sou li ak kout manchèt….
Pandan tan sa, Anita tap dormi. Li pantan nan dormi an, Li wè 3 gout san sou tetel…..
[]
Li vole kaban nan, li pete kouri ale nan rivyè a, li pa menm gentan pran rad mete……
Li rive jwenn rivyè a tou rouj ak san. Li komanse kriye, li kriye, li kriye epi li tounen lakay li…..
Anita vin pa ka manje, li pa ka dormi, se kriye selman telman li sonje Tezen. Li chita dèyè lakay la li ap penyen chevel epi li ap chante
Tezen, bonanmi mwen, zen
Tezen, bonanmi mwen, zen
Tezen, nan dlo, bonnami mwen, zen…
Tezen, nan dlo, bonanmi mwen, zen…
Tout tan li ap chante li ap antre nan tè…..
Le moun yo voye je yo wè se ti pwent cheve Anita selman ki rete deyò. Tout moun sezi, yo eseye rale Anita mete deyò men li antre anba tè…..
[]
Lè Anita rive anba dlo a, yo vin resevwa li e montrel kote pou li fè…..
Yo menen Anita nan yon wayòm…
Yo dekore Anita fèl bèl avan li antre nan wayòm nan…
Anita antre li sezi wè prens Tezen byen vivan kanpe bò kote papal…..
Depi lè sa Tezen ak Anita rete ansanm anba dlo pou lavi…..
Tezen istwa original ( Map li ak Ke kontan )
Illustration par: Chevelin Illustration.