|
Tonton Nwel (Video & Lyrics) – Supa Deno
Ho o o o o
Supa Denot pwal chante nwèl
Pou tout moun ni k’ap byen viv
ni k’ap mal viv
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
demele ou pote bon nouvèl
Menm se yon vye koktèl
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
degage ou pote bon nouvèl
Se fèt tout kote fè bèl
Limye fè lakansyèl
Menm tout ti fanm yo ta vle sanble Abdenwèl
Nwèl se epòk tout moun toujou sou refleksyon
Pa gen rankin, fò pèsòn pa nan dezinyon
Si w’ gen entansyon fè yon vye aksyon
Mete-w cool, aji ak prekosyon
Si w’ gen entansyon fè yon vye aksyon
Mete-w cool, pou w’ pa pase yon move nwèl
[]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
demele ou pote bon nouvèl
Menm se yon vye koktèl
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
degage ou pote bon nouvèl
Sak gen tichoy ap debake nan makèt
Machann pidetwal, peta, vann pa pakèt
Ou pa ka bouje, ou pa dwe fè pickpocket
Apre nwèl yo ka fèmen-w si yo vin fè ankèt
Si w’ap bwote chay fò w’ pa bliye met twòkèt
Pou w’ pa di kèt si ou nan move jwèt
Si w’ap bwote chay fò w’ pa bliye met twòkèt
Pou w’ pa di kèt si ou nan move jwèt
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
demele ou pote bon nouvèl
Menm se yon boutey diven
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
degage ou pote bon nouvèl
Vennkat desanm, minwi, pi fò moun al lamès
Sa k’al la priyè e yo fè lòt parèy yo bèl pwomès
Aprè legliz nan reveyon yo fete san tristès
Se hip hop, tout timoun, menm si w’ se granmoun
Pran yon ti choukoun, si ou gen machin pou w’fè kapvroum
Fet sa pa gen limit menm si w’ pa travay pou w’ pa panike
Menm si w’ tap kouche sou yon nat menm si sa pata bon lakay
[]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
demele ou pote bon nouvèl
Menm se yon vye koktèl
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
degage ou pote bon nouvèl
welllllll…..
Nan tout lari radyo ap voye mizik monte
Tout zòn kwaze, y’ap simaye lagete
Timou ak gwo …. tout machann pate
Loraj peta vide, lè timoun ap eklate
24, 25 desanm se yon coutume mondiale
Granmoun, timoun kontan se bèl fanal
Ke w’pòv, ke w’rich, Tonton Nwèl trè spesyal
Tonton Nwèl ekziste pou tout moun an jeneral
Ho ho ho … Nwel nan wel ou