Pandan Jovenel M. fin prezidan li di: tout moun ki gen 5 pitit ap jwenn 10 mil dola US pou pran swen timoun yo epi voye yo lekòl.
Se konsa gen yon nèg ki gen 4 pitit ak madanm li, epi li gen yon lòt pitit deyò tou men madanm li pat janm konnen sa.
Misye di fi a: cheri pa fache non, mwen gen yon pitit deyò wi, mwen pa te ka diw sa deja. Mwen pral pran pitit la pou nou ka gen 5 timoun pou nou ka pran 10 000 dola sa ok. Fi a pa di misye anyen.
Misye ale, le li retounen se 1 sel timoun li wè nan kay la. Li sezi, li mande madanm li sak pase la, kote lòt timoun yo?
Fi a reponn: oh oh papa lòt yo pat pran nouvèl la tou yo menm.
zone509.com/blag
[]
[ajax_load_more id=”blag” container_type=”div” post_type=”post” meta_key=”tie_views ” orderby=”meta_value_num” category=”blag” tag=”blag” scroll=”false” transition=”fade” button_label=” More BLAG “]