It’s Magic baby
Li se tout sa m rayi tout sa m renmen
Tout sa m bezwen se tout sa l mennen
M renmen tout sa l fè
Tout jan l ye m veye tout ti jès
M veye tout sa k brannen
M se definisyon tout sa krazy ye
M pa vle wè l men l se tout sa m dezire
Li fè m konn sa k lanmou e tout sa plezi ye
Sè l li k konpatib avè m tout sa m mezire
S on lanmoun grandioz XXL
On lanmou sikre sale on lanmou sik sik sèl
Lè m malad pou m geri fò m jwenn on kiss plis elle
Lè l pa la m pa kapte m tankou Digicel
(Shishie)
Li fè m tout sa m rayi fè m kwè tout sa k pa vre
M pa wè lavi m san li poutan se tout sa m pa vle
Mwen pa ka viv avèl
– Poutan m pa ka viv san li (4x)
Nou pa pase de jou san n pa goumen
Men m pa konplè lè m santi l lwen
Li se tout sa m rayi
men s on medikaman li ye pou mwen
Li fè m adikte
fè kè m palpite
A chak fwa m deside ale
m pa ka kite
Li fè m santi byen li fè m santi m ap viv
Chak jou ban m manti fè santi m nayiv
Li se gròg pa gen jou m pa iv
M pa ka kontwole oh qu’est ce qui m’arrive
Li fè m adikte
fè kè m palpite
Li fè m akò a chak lè m deside ale
m pa ka kite
Li fè m aksepte manti poutan m konn verite
Sa m santi a pifò poutan m konn vle lite
Chak jou k pase m damou w plis men chak jou m vle kite
Menm player m pa ye ankò m evite chak kou l merite
Li konn jan pou l fè m piti li konnen m pa care
Li konnen l ka fè m obeyi menmsi m pa kwè
M konnen l renmen men m gen dout m pa kwè
E nou toulède avèg nou konsyan men n pa care
Si w anpeche m goute siwo sa m kapab fè on ka
M pap kite w kounye a ni tou m pap ka fè l nan ta
E pou l sa l fè pou mwen pa gen lòt kap ka fè on ka
Kè m nan men l e m reziye m m pap ka fe yon pa
(Shishie)
Li fè m tout sa m rayi fè m kwè tout sa k pa vre
M pa wè lavi m san li poutan se tout sa m pa vle
Mwen pa ka viv avèl
– Poutan m pa ka viv san li (4x)
[ajax_load_more id=”lyrics” container_type=”div” post_type=”post” category=”entertainment” tag=”WENDY” scroll=”false” transition=”fade” button_label=” More music by Wendyyy “]